Glencoe Health © 2007

Chapter 1: Living A Healthy Life

Chapit 1 Lèt pou Paran ak Aktivite

Chè Paran oswa Responsab,

Kòm pati pwogram akademik lan, pitit adolesan ou ap kòmanse swiv yon kou sou lasante. Men twa (3) eleman ki fè pati kou sa: sante fizik, sante mantal ak emosyonèl ak sante sosyal tou. Twa (3) eleman medikal sa yo konekte ansanm epi yo fòme triyang medikal la. Objektif kou sa a se pou ede pitit ou gen konesans ak ladrès ki nesesè pou kreye yon triyang medikal ekilibre.

Men sijè pitit adolesan ou pral etidye nan premye chapit sa a:

  • Sante ak Byennèt
  • Pwomosyon Yon Mòvi ki bon pou Sante.
  • Konpòtman ak Rediksyon Risk pou Lasante.

Tanpri ranfòse travay n ap fè nan salklas nou. Pou fè sa, pale avèk pitit gason ou oswa pitit fi ou sou youn oswa plis nan sijè sa yo: Mande pitit adolesan pou pou li eksplike triyang medikal la. Diskite fason konpòtman toulejou yo afekte diferan aspè triyang medikal la. Ankouraje pitit adolesan ou pou li jenere kesyon anrapò avèk lasante li swete jwenn repons pandan kou sa a. Li tabmatyè manyèl sou sante a epi diskite kote kesyon sa yo ka poze yo. Diskite sou resous nan kominote ou pitit ou ka itilize pou fè rechèch sou sijè ki asosye avèk lasante. Si ou ajoute Entènèt nan resous sa yo, asire ou poze pitit adolesan ou kesyon sou divès kalite estrateji pou evalyasyon fyabilite enfòmasyon yo ka jwenn ladan.

Mwen swente kous sa a ap pwouve li se yon amizman ak yon sous enfòmasyon pou ou ak pitit adolensan ou. Mèsi pou sipò ou bay nan travay k ap fèt nan salklas la. Pa ezite kontakte mwen si ou ta vle diskite sou edikasyon pitit adolesan ou sou lasante.

Sensèman,

Pwofesè Sante

Glencoe Online Learning CenterHealth HomeProduct InfoSite MapContact Us

The McGraw-Hill CompaniesGlencoe